Aljèb
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aljèb se branch nan matematik ki etidye strikti relasyonèl avèk yon apwoch abstrè. Relasyon ke li etidye yo ka vin sou fom egalite ou/ak inegalite. Yonn nan kote aljèb gen yon pakèt enpotans se nan solisyon ekwasyon. Yon ekwasyon se yon relasyon egalite ki relye yon ansann eleman ak yon lot. Pa ekzanp, si pou chak chèz yon machann vann, li resevwa 4 goud, nou ka fomile yon ekwasyon ki relye revni machann nan, sètadi lajan li resevwa pou chèz li vann; tankou ekwasyon sa " R = 4S " kote S reprezante konbyen chèz machann nan vann, epi R reprezante revni( revni relatif ou total), sètadi kob machann nan rantre apre li vann yon kantite chèz; konstant lan, sètadi chif invaryab ki se 4 nan ekwasyon sa, gen yon non espesyal nan etid ekwasyon lineyè ki se "koyefisyan lineyè". Otreman di, koyefisyan lineyè a reprezante konbyen fwa reveni an ogmante pou chak inite chèz ki vann. Pa ekzanp, si machann nan ale nan mache ak 20 chèz e li vann tout, revni total li ap " R = 4(20) = 80 goud". Strikti aljebrik yo se strikti ki pèmèt nou dekri yon pwoblèm matematikman an deyo konsèp limit ke nou jwenn nan analiz, e an deyo konsèp grafik ke nou jwenn nan jewometri. Mo aljèb la li menm gen yon orijin arab, men moun nan tan lontan tankou babilonyen ak ejipsyen yo te konn rezoud ekwasyon lineyè e menm kèk ekwasyon kwadratik ( dezyem degre) ou kibik ( twazyem degre). Youn nan premye dokiman ke nou jwenn nan antikite ki trete pwoblèm aljebrik se "Papyrus Rhind". Youn nan pwoblem ke nou rankontre nan dokiman sa a gen pou wè ak patisyon manje:
"Nou dwe separe 100 tranch pen ak 10 moun. Nan dis moun sa yo, gen yon navigatè, yon kontremèt ak yon jadinye e tou lètwa dwe jwenn 2 fwa lavale chak. Konbyen nou dwe bay chak moun nan ka sa?"
Pou rezoud pwoblèm sa a, n ap rele kantite twa moun yo dwe resevwa a , e kantite lot 7 moun yo dwe resevwa a
. Rezilta a ap de ekwasyon lineyè:
1) 100 = 3x + 7y 2) x = 2y
Nòt: Objektif wikipedya se pa tradui sa franse deja ekri, men pou ekzèse fakilte entelektyèl Ayisyen yo menmjan Franse ap itilize pa l la. Se jan de parès mantal sa yo ke ou ap eseye dekouraje lè w ale tradui, sa lot moun ekri, mo pou mo an franse. Mwen santi mwen pèsonèlman ofanse lè mwen li ke yap mande moun pou senpleman tradui sa yon lot moun deja ekri an franse. Sa ou bezwen mande, èske yon ayisyen ki konpetan nan matematik ka ekri yon atik sou aljèb pou nou...